Byenvini My Love – Herby Fontal & Ansito Amical ft Salil Lirah (Audio Download & Lyrics)

Partagez ce post sur les réseaux sociaux

10 000 mo pap sufi
Poum ta rive dekri
Saw reprezante nan vi mwen
Menmsi tout dlo ta tounen lank
E tout pye bwa ta tounen plim
M pap jwenn ase poum diw saw vo pou mwen

O o oh mèsi Jezi
Pou bèl kado sa ou ofri m
Mèsi m pap bouke diw mèsi
O o oh mèsi Darling
Pou fason ke ou akeyi m
Mèsi m pap bouke diw mèsi

Ou se lanmou mwen
Benediksyon mwen
Map toujou renmen w
Map toujou pran swen w jiska lafen
Kado presye mwen
Ou se trezò mwen
Map toujou la pou ou
Map toujou pran swen ou jiska lafen

Byenvini m’y love love love love love
Pwomèt ou map love love love love love
Byenvini m’y love love love love love
Mèsi Senyè pou love love love love love

M pase anpil tan sou jenou
M priye m jene san poze poum genyen w
Epi Bondye siprann mwen
Repons li depase tout atant mwen
Se pou sa mwen vle renmen w
Tankou Kris renmen legliz la
E map fyè pou m kenbe menw
Avèw poum antre legliz la

Ou se lanmou mwen
Benediksyon mwen
Map toujou renmen w
Map toujou pran swen w jiska lafen
Kado presye mwen
Ou se trezò mwen
Map toujou la pou ou
Map toujou pran swen ou jiska lafen

Byenvini m’y love love love love love
Pwomèt ou map love love love love love
Byenvini m’y love love love love love
Mèsi Senyè pou love love love love love

Ou te fèt pou mwen
E mwen te fèt pou ou

Mwen kite manman m ak papa m
Poum atache m avè w
Detache m de tout lòt bgy poum ka fonw sèl avè w
Lanmou Bondye mete nan mwen m vle pataje l avèw
Pou tout rès lavi’m vle ret fidèl avèw

Mwen pou ou


Partagez ce post sur les réseaux sociaux

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *