Stéphanie Saint Surin – Fè m’ reyisi (Paroles / Lyrics)

Partagez ce post sur les réseaux sociaux

Men mwen nan travay ou a
Tout sa w’ vle se li m’ap fè è è
Menm si djab la ape gwonde
M’ap rete nan prezans ou
Ou te rele Moyiz
Li te reyisi iiiii
Kounya w’ rele m’  Bondye
tanpri fè m’ reyisi iiiii
 
Lè m’ kanpe devan lanmè wouj
Ènmi yo ap avanse
Mwen pa wè pyès wout pou m’ pase
Men je m’ ret fiksé sou ou
Oh Oh
ou te Rele Moyiz li te Reyisi
Oh Oh
Kounya w’ rele m’ Bondye

Tanpri fè m’ reyisi iii

         
Bondye Izrayèl  ouvè chemen an
Pou mwen pase
Pou mwen paseee
Bondye Izrayèl  montre m’ chemen an
Pou mwen pase
Pou mwen paseee
          II
Batay la konplike
Ènmi m’ yo prèske rive
Ou konnen m’ pa konn goumen
Tanpri kanpe pou mwen
Ou se Bondye Izrayèl Oh Oooh
 
Lè w’ap fè m’ pase
Ouvè je ènmi m’ yo pou yo wè  è è è è è è è
Lè w’ap fè m pase
Ouvè je yo pou yo wè  è è è è è è è
Lè w’ap fè m pase
Ouvè Je ènmi ‘m yo pou yo wè  è è è è è è è
Lè w’ap fè m pase
Ouvè je yo pou yo wè  è è è è è è è
         
Bondye Izrayèl  ouvè chemen an
Pou mwen pase
Pou mwen paseee
Bondye Izrayèl  montre m’ chemen an
Pou mwen pase
Pou mwen paseee
 
Sonypromo Évangélique 
Platfòm Mond Evanjelik La 

Partagez ce post sur les réseaux sociaux

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *